Articles

Affichage des articles du septembre, 2022

Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl Ayisyen

Image
Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen, Deja, li t ap twouve non Ti Pyè a twò raz, Li t ap boukante l pou yon lòt gwo non etranje : Yon non Anglè, Panyòl, Alman oubyen chinwa !   Li pa t ap dakò yo rele l Ti Pyè senp konsa ; Li t ap egzije yo mete yon tit devan non l : Monsieur, mèt, pwofesè, dirèk, dòk, elatriye. Li te ka bay tèt li nenpòt tit, san bezwen fè okenn etid : Agro, enje, adm, jounalis, lidè, oubyen militan !   Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen, Li t ap chaje papye : Atèstasyon, sètifika, diplòm, elatriye. Li t ap pase tout tan l lekòl, nan fè lèkti ak nan seminè, Li pa t ap gen tan pou li aprann metye manyèl. Li t ap twòp pou tè, li t ap panse li fin konnen, Se franse, laten ak lòt lang etranje li t ap pale sèlman. Li t ap resite yon pakèt gwo pawòl ki sòti nan gwo liv, Li t ap tounen jako repèt nan resite teyori ki sòti lòtbò dlo ; Teyori ki pa gen anyen pou wè ak reyalite lakay li.   Si Ti Pyè te yon entèlèktyèl ayisyen, Aprè to